Search from various English teachers...
United States flagSteven
Radio Kreyol M genyen pwoblem anpil ak ekoute radio a nan Kreyol. Tout moun yo pale twop vit, paske tout pwonon yo kap fe kotraksyon. Mwen we rezon pou vle fe sa, men li fe sa difisil pou blan yo aprann :( Yon moun gen sijesyon pou fe ekoute radio a pi fasil?

Corrections · 3

0
Radio Kreyol

M genyen pwoblèm anpil ak tande/koute radyo an Kreyòl. Tout moun yo pale twò vit, paske tout pwonon yo k ap fè kontraksyon. Mwen wè rezon pou vle fè sa, men li fè sa difisil pou blan yo aprann :(

Yon moun gen sijesyon pou tande/koute radio pi fasil?
0
Mwen menm tou m pa kapab jwenn pwogram radyo ak transkripsyon. Gen yon lòt opsyon ki pa si bon: ou ka gade video ak soutit, kote moun pale nan sitiyasyon natirèl. Tankou Natalia te di w nan mesaj anteryè a, lè ou pa komprann kèk bagay, ou ka koute anpil fwa pou konpare sa yo di ak tradiksyon an, jiskaske ou rive komprann preske tou. Lè ou plis abitwe ak fason yo pale vit ak kontraksyon, ou ka koute pi fasilman lòt bagay san tradiksyon. Pou jwenn video sa yo, ou ka ekri pa egzanp Haitian Creole English Subtitles, oubyen Creyole Haitien Subtitres. Men mwen si ou te deja fè sa! Ah, si ou bezwen yon lis kote kontraksyon yo parèt, m ka chache'l.
0
Yon bagay w ka fè se tande emisyon yo online, anpil pwogam fè sa sou youtube oubyen website yo. Lè w fè sa ou ka tande menm emisyon la anpil fwa. Chak fwa w tande l w ap konpram plize bagay.

Want to progress faster?

Join this learning community and try out free exercises!

Don’t miss out on the opportunity to learn a language from the comfort of your own home. Browse our selection of experienced language tutors and enroll in your first lesson now!

Start Learning Today